Krik, Krak
Vwala sete Towo Bèf, Poulen Cheval avèk Manzè Ravèt.
Yon jou yon sèl diskisyon pete ant Mouche Cheval ak Sò Ravèt
sou kesyon pou konnen ki koulè zèb ki nan savann nan. Mesye
dam yo te prèt pou mete men, paske youn pa t vle bay lòt la
rezon. Ant yo 2 a sete: ‘'Mwen pa p kite pou ou; se ou k pou kite
pou mwen. Mwen menm avè w se tanbou ak bagèt, rele reponn;
kif-kif; ban m m a ba w; kabrit Tomazo, menm plim, menm
plimaj: se pase pran m, m a pase chache w.'’
Touye Mouche Cheval, rache Mouche Cheval, koulè zèb
savann nan te vèt; tandiske Sò Ravèt, li menm, pa t tande,
manmzèl pa t wè, koulè zèb la te ble. Lè m di n sa a, annimal
4 pye a ak ti bèt 2 zèl la te tèlman fè eskonbrit, tout moun ak
tout bèt nan kanton an te rasanble sou 2 ran pou yo te asiste
bèl mèvèy, paske yo te santi bagay la te gen pou fini mal-- Te
menm gen zannimo 4 PAT -ak kretyen vivan 2 PYE--- ki t ap
chofe dife menm -- pou sitiyasyon an te vire an cowboy.
Alafendèfen, Sarafen pye fen, (((ou fe m mal –mwen menm
m fe w byen-- 2 belijeran yo te deside al prezante devan
Towo Bèf, wa dèzanimo d Ayiti, pou ke Sa majeste, son
animalite, sa bo-vi-ni-te--- te sèvi kòm abit ---epi di -- kiyès
nan mesye dam yo-- ki te gen rezon.
Lè Sa Majeste Monwa Towo Bèf -- wè Konpè Chwal -- ak
Manzè Ravèt -- parèt sou li –ansanm ak plizye lot bet
–annalfabet –( men tet byenfet/wi, tet dret----–ki pa toujou bet---
,O w! Yo te parr-rrêt !!e yo te konmm-parr-rret--- devann
le Grrrran Met avek yon kokenn chenn kolonn moun, mete sou
yon bann ak yon pakèt bèt ki t ap fè legadè, --- li mande :::
kisa k te genyen konsa--- pou tout pèp sa a -- te rasanble
an mas, an foul, wi! Kom yon ekip melanje, depaman,
disparat—kou Desmaratte – Desmarattes, gwoo mal rrat –ki rayi
tout koko-rrrrrat-- --- mil e youn moun –mile uoun batt ki pa te
memm – (((ki te diferan)), ki te prese reponn -- o rande-vooo- ,
pou fe ---ti pi-leee- ak gwrross pi-leeee-- devan pòt palè wayal li
a. Ravèt te prese replike:
"Se pa anyen non, Mèt Towo Bèf ---gwo kòn siye. Se yon bagay
tou senp-- nou vin mete devan w; yon bagay tou senp, men
Mouche Chwal pa ka konprrann li. Tout pale m pale ak misye,
animal 4 pat la pa vle tande rezon. //Vwalatilpa, mwen jwenn
mwayen mwen perrr-di tan m, --mwen perrrdi -- eeee-nerrr-ji
mwen-- mwen perrrdi—menm rrrroout kay an-mwen,
pou m ale di -enbesil, Ti Sisil -- pitit Sesil la, komkwa ke--
koulè zèb savann nan -- se ble, -- li pa dakò.
-Men non, mwen pa dakò, Monwa des animaux -- du wayom
d’AYiti Toma, --Kiskea ak Boyo,. Mwen pa ka dakò, paske
koulè zèb la se vèt."
Chwal te prese ajoute:
"Alòs laa, nou pre-ssannte, nou parrret , e noukonnn parett
devan w la, (gwo chèf -- Towo Bèf kònn kòdeee--,
pou ou deside, nansajes divin ou. kilès nan nou 2 a -- k ap di
laverite -- epi kilès tou -- ki gen tò, parrr-ce--que li nan manti
tou pi --kou Anannias avek Sa-fifi (annn parrlannn de SAFIRA
– Moun pwovens Samari----- epi – epi --epi-- Laverite pa nan
li..''
Majistra Bèf gade Mouche Chwal avèk yon sèten mepri, avek
deden sou vizaj li epi li di misye nan figi l e devan tout piblik ki
te prezan an:
"Ou gen tò, cheval; ou gen tò; sa vle di se Manzè Ravèt ki gen
rezon. Ble! Ble! Ble! Koulè zèb la se ble li ye, Tonton Bourik...
(O! Eskize m... Tonton Chwal). E poutèt ou gen tò, mwen
kondane w pou w pase tout yon semèn san manje menm yon ti
pous nan zèb ki nan savann nan. Epi tout moun -kit ou ak 2 pye,
kit ou ak 4 pye, kit w avèk zèl- prese vit dispèse! Disparèt!
Demaske n devan m nan! Fè m pa wè n devan pòt pale
wayalmwen an"
(Anvan menm Towo Bèf te fin di sa, li te mete pye l sou
pyeChwal, li te peze l ak tout fòs pou misye pa t deplase).
Sa w tande a tou, Sò Ravèt te ouvè 2 zèl li nan 4 kwen kadino
lari a, li te leve yo men wòtè soutèt li pou l te danse, vole,
ponpe... tèlman manmzèl te kontan. Li menm ak tout bèt, tout
moun ki te la yo te enpwovize yon rara epi yo te pouse yon
mizik rasin ki te pi chofe pase mizik rara Semenn Sent nan
Leyogàn oubyen mizik kanaval nasyonal nan Jakmèl. Lè m di n
sa a, son mizik rabòday te pran sonnen epi kontinye sonnen
pandan tout rès jounen an rive jous nan nuit nan tout katye
kanton an.
Lè Jij Towo Bèf ak Poulen Chwal te rete pou kont yo, 2èm nan
(anpalan de Mouch Cheval) te di premye a (an palan de Monwa
Toro):
"Kisa w fè m la a, Majeste Towo Bèf? Ou byen konnen koulè
zèb la vèt epi ou jwenn mwayen ou ban m tò? Ak tout respè
mwen gen pou ou, Majeste, pemet mwen di ou pa serye. Epitou
se mouri ou voye m al mouri lè m kondane m pou m pa manje
zèb pandan 7 jou…”
Monwwa Towo Bèf te prese dekoupe Mouche Chwal:
-Ou gen chans mwen pa kondane w pou w rete grangou pandan
tout rès vi w, Cheval. Yon gwo nèg tankou w, ak gwo pòtray,
bèl prestans, bèl wòtè, hen!; lè w ap sikile nan savann nan avèk
bwa ke w byen kastonnen; lè w ap pase, w ap twote, w ap galope
nan nan tout mòn yo, nan tout plenn nan, se sou nechèl pou Ti
Ravèt monte pou l pran sant souf ou, pou l pran sant anachman
w ; oubyen menm pou l wè w, pou l admire w k ap pase epi ba w
tout glwa ou merite. Lè w kite "au pas", ou pase pran "au trot"
pou w fini "au galop", gade! Se tout moun ki ranje kò yo, ki
mete yo sou 2 ran pou ba w lari a blanch, paskeou se "la grande
puissance qui passe”, monchè. Lè konsa, se tout je ki fikse sou
ou pou admire bèl krinyè ki blayi sou kou w, briyan kou lalin
nan yon nuit prentan, klere kou miwa lezanj anba yon syèl ble
plen zetwal; pi chik, pi chèk, pi chòk, pi bèl pase ou nanpwen!
Lè Ravèt, ti piskèt san biskèt ki anvi parèt …. ap pale avè w, se
nan bese ba pou w tande ti vwa yenyen l nan kòm yon ti se-nè-
ryen ke li ye... O! Epi avèk tou sa, pou w jwenn mwayen ou pèdi
tan w ap diskite ak yon ti kreyati piti zwit, pisannit e san sèvèl
konsa! Ou se yon disgras pou la nasyon ayisyèn, monchè. Ou
merite kondane edmi twaka… e menm kondane amò. Demaske
w devan m nan, enbesul!"
Epi yo ban m yon ti kout pye, mwen vin tonbe isit la pou m te
bay ti mantisa a.
Lyonel D. Desmarattes
Washington, DC, 27 Jen 2021.
Sa pase La Montayn, La Montayn de Jakmèl.
Peyi fanmi Bretoux, Colin, Lature, Rabel,
Desmarattes, Giles ak Jules, Philippe avèk Colon,
Lambert elatriye, mwen ka bliye kèk non.
Nan lakou Bouk Lakwa, te genyen yon madanm
Ki te tèlman konn viv, gade! set ’on egzanp
Pou tout moun bò kote l: fanmi, vwazen e menm
Etranje k tap pase te pran leson nan men n.
Madan Francky Kolon --se non madanm nan sa--
T ’on modèl pou tout moun kote li tap viv la;
Kit se sèvis legliz, pwòpte nan vwazinay,
Travay kominotè, anfen, nan tout bagay
Li te toujou aktif pou ede yon pwochen
Alòske an retou li pa t mande anyen.
Men tou, avèk tou sa, pi gwo priyorite
Madan Francky Kolon, daprè mwen menm, sete
Pran swen kay li dabò: pitit avèk mari,
(Li te gen 4 timoun e l te fòl pou Francki).
Ane vini, ane ale, Madan Kolon
Pa t janm aji yon jan pou l te bay moun soupson
Chay la te lou pou li; sete ak anprèsman
Li te dispoze pou l sèvi a 100 pou 100.
Vi prive l ak Francky … moun pa t konn sa twò byen;
Antouka pou manmzèl, menm lè te gen pepen,
Bougonnen, pale anpil, se pa t yon reyaksyon,
Se pa t règ jeneral, menm pa yon eksepsyon.
Men mwen menm, Ti Landeng; wi, mwen menm, fouyapòt,
M konnen, daprè kèk zen m te jwenn nan men tripòt,
Mesye Francky pa te yon sen; paske misye,
--Yon nèg nan pozisyon, PDG, zotobre--
Pafwa te ouvè je l sou kèk pwovokatèz
Epi nan boule bwa l te fè chabon alèz.
Eske Madan Francky te konn bagay konsa?
Eske manmzèl te bay mari l pwoblèm pou sa?
Si repons la se “wi”, pèsonn pa t janm konnen,
Paske Madan Francky --ki pa te konn plenyen--
Pa t janm pale de sa, sou sa l pa t janm di krik,
Li pa t janm vle lave rad sal li an piblik.
Lanmou pou manm fanmi l, sèvi la sosyete,
Pwochen avèk peyi, se sa l te fè ase.
Pour le drapeau, pour la patrie et la fanmi,
An rezime sete deviz nasyonal li.
Men, madanm sèvyab sa a, poto-mitan sosyal,
Ta pral gen pou l pase yon eprèv enfènal
Lè tou denkou konsa, mari l, Misye Kolon
Ta pral sibi ‘on atak serebral pongongon:
Francki, yon nèg engam, nèg aktif, nèg plen vi,
Pral viv an slow motion, pral viv oralanti.
E sa li te konn fè nòmalman, san pwoblèm,
Te tounen ‘on Golgota tou prè Jerizalèm…
Mezanmi, kwè m si n vle, m pa p met pase genyen :
Si Francki te malad, se madanm li anfen
Ki t ap pote chay la, ki t ap ede li fè
Sa l pa t ka fè pou kò l. Fò n ta la pou n te wè :
Madanm nan te tèlman montre gwo devouman
Nan devwa pou l ede mari l a 100 pou 100,
Gade non! Yo te ba l anpil admirasyon
Kòm yon epouz seryèz, kòm yon moun konviksyon.
Men tou, fizik yon moun pa gen ‘on fòs san limit;
Men tou, mantal yon moun febli lè l nan gwo lit.
Se konsa, bout pou bout, a fòs li travay twòp
Pou ede mari li, madanm nan tou fè ‘on estwòk:
Ebyen wi, Man Kolon te sibi yon atak
Serebral malouk ki te mete l atè plat.
Li te pèd konesans e pandan plizyè mwa,
Pandan plis k’on ane, si madanm nan te la,
Si l te vivan toujou, ebyen, li pa t ap viv:
Menm lamedsin ki konn fè mirak enposib,
Pa t rive fè l repran konesans; bout pou bout
Malgre regrè tout moun, pou syèl la l te fè wout.
Gen paran ak vwazen ki di l ta la toujou,
Ap respire, ap viv, li ta la pami nou,
Si l pa t konsakre vi l pou l ede yon mari
Viv yon vi kalite… san sa l pa ta mouri
Anvan misye Kolon ki te tonbe anvan n ;
Men lanmou madanm nan lakoz li pran devan n.
Ki moral istwa sa a? Mwen pa p prese reponn.
Mwen kite pou n tire l. Men, si n sèvi ak rezon n,
Ak lojik nou, n a wè gen lanmou nan pawòl,
Ki ret nan bouch sèlman, ki la pou sèvi kò l,
Sèvi tèt li senpman, aloske ‘on vrè lanmou,
Renmen k bon renmen an --jan dam nan montre nou-
S ‘on lafwa k ap aji; epi se san pwoblèm
Li ka aksepte fè le sacrifice suprême.
Sous enspirasyon: “La Mort du Loup”, zėv powėt
fransė Alfred de Vigny.
-I-
Yon jou Papa Kochon avѐk Manman Kochon
Plis 7 ti kochonè, yon jou afè pa t bon,
Te pran wout yon savann ki te plen ak raje
Pou yo konbat grangou, pou yo chache manje.
Se konsa, sanzatann, yon twoupo chyen parèt.
Youn di: <<Apa kochon! Jodi a n ap fè fèt. >>
Manman ak ti kochon ki te fin tandesa,
Atansyon pa kapon, tounen bolid jou sa a:
Ansanm e an menm tan tout te tonbe kouri,
Kouri ale kache pou yo rete anvi;
Paske yo te konnen, baze sou lesperyans,
Non on sikonstans konsa pa t gen pyès rezistans.
-II-
Men, fòk mwen di nou tou, pou n byen sezi istwa a,
Twoupo chyen sila yo se pa t nenpòtre kwa:
Sete gwo potorik chyen mawon, sovaj, mechan,
Chak te ka manje yon kabrit an 2 tan, 3 mouvman;
E si ti kochon yo avèk manman kochon
Te kouri al kache, yo te genyen rezon.
Alòs, koure kochon, ki te pi pre chyen yo,
Pou l te sove fanmi l anba yon move twoupo,
Te pran direksyon on chan, byen lwen manman ak pitit,
Pou l t al kanpe pi lwen lè l te rive sou on bit.
-III-
Eske n wè yon mannèv? Pou youn sove plizyè
Anba yon move desten, anba yon gwo malè,
Youn te mete sou pye yon plan estratejik
Pou li sove 8 lòt anba on lanmò trajik.
Eske n apprann leson an? Pou n sove ekip la,
Fò n fè gwo sakrifis ki koute chè pafwa.
IV
Lè Papa Kochon wè tout chyen yo te dèyè l,
Pou l epaye fanmi l yon lanmo k t ap kriyѐl,
Jan n te di l talѐ a, li kanpe tann lennmi
E l chache nan gwoup la, ki te rive sou li,
Chyen ki te pi gwo a epi pop! Ak yon raj
Li ba l yon sèl kout dan ki te tѐlman sovaj,
Kot koure a foure kròkdan l yo, ayayay!
Li kenbe mòdikis san l pa t lache yon may.
(OPTIONAL)==
Monchyen rele, monchyen tòde; koure ba li baton;
Dogi woule, dogi wouke; Zafe; koure mete baton;
Boul dog priye, boul dog mande padon; betiz! koure vide baton;
Monchyen vire sou do, epi l vire sou vant. Gade! koure voye
baton!!!===
(END OF OPTIONAL).
Ak kout dan sa a Koure te devore bò la l;
Kout dan an tounen on eto k ap toufe l, k ap fѐ l mal,
Jiskaske gwo chyen an, ki te gra, men plen pis
(Paske mѐt li pa t konn benyen l tѐlman l te gen vis),
Te pèdi ekilib epi l tonbe sou do
Paske li te fè vwal pou peyi san chapo.
-V-
Men egzanp yon kochon pou lòt bèt ak pou lòm:
Li montre kreyati vivan ki sou tout fòm,
K ape viv tou patou e ki genyen tout laj,
Sa k rele sakrifis, sa ki rele kouraj.
Li elimine youn, menmsi tout lòt chyen yo
-Dòg ou bèje alman, chiwawa, dolman tou-
Tout te fè kò sou li san pran souf, san mèsi.
Men l montre l pa t genyen gwo kwòk pou gran mèsi.
Li pa t ba yo legen; sitiyasyon k fè aksyon,
Li vann po li byen chè, li mouri an brav kochon.
-VI-
E wi! Gen de moman lennmi bare ak ou,
Ak mechanste l pare pou l ba w tout move kou,
Pa gen bonjou papa, pa gen mande padon;
Pa gen bese le bra; bet bouch long nan di NON!
Se rezistans li ye jiskobou. Pa kriye,
Pa fè pyès konpwomi, ka tou sa se lachte.
Fè travay Bondye ba w pou ou fè kòm misyon
An fanm fidѐl, an nonm vanyan ki gen konviksyon.
Epi, tankou bèt nwa a, tèt byen wo, san remò,
Brav kou Kapwa Lamò, w a anbrase lanmò.
Lyonel Desmarattes
White Oak, Maryland, USA
Bonswa Kaptenn,
Yon kontraryete te fѐ m rate rankont jodiya, menm si m konnen kòlѐg ki te prezan yo gen pwa
ase pou ede w pran yon desizyon sou chwa manm jiri konkou Emile Celestin Megie a
(TOGIRAM).
Kòm mwen te anonse sa a pi bonѐ nan semѐn nan, w ap jwenn pi ba a kopi tѐks mwen te
pwomѐt la. Pa bliye, ou menm ak Kòlѐg Pierre Michel ka pran tout desizyon nou vle.
Kenbe fėm; pa lage!
Lyonel
=======================================
Alo Kaptenn,
Se sѐlman kounyela a mwen wѐ envitasyon ou pou m ta vin pale
sou teyat. Mѐsi pou onѐ sa a. SVP, ban m yon ti tan pou m ka wѐ
klѐ nan pwogram ki deja sou lis aktivite m yo, epi m a ba ou yon
repons.
Yon fwa ankò, eskize m poutѐt mwen pran reta pou m reponn
envitasyon w nan. Se jis yon "oversight", jan yo di sa an anglѐ.
Kenbe, pa lage!
Lyonel
Sete you jou apa; sa k fè l te diferan,
S on rankont mwen te fè --yon rankont konsekan--
Ak yon vye granmoun ki te di l pote ‘on mesaj;
Men pawòl li –dapre m se pawòl yon moun saj :
<< Ayisyen, Ayisyèn, se Bouki ou Malis
Kape di nou bonjou. Youn, 2, 3, 4, 5, 6,
Sa mwen gen m pou m di n nan pap dire 6 minit,
Paske fòk mwen ale anvan li fin nannuit;
Okontrè, se daprèzavwa mwen wè l fin ta
Ki fè m vini di nou sa mwen pral di nou la a.
Gade non, Ayisyen; Ayisyèn, gade non !
Nou pa kwè lè a rive pou nou mande padon ?
Kalte efò k te fèt, e aprè konbe lit,
Pou pèmèt nou tout jwenn, de papa an pitit,
Sèl kwen tè ki pou nou, menmsi li tou piti,
Endyen ak Dessalines te rele l Ayiti !
Kisa nou fè avè l ? Ki kote nou rive ?
Yo di mwen nou bliye sa yo rele kòve ;
Kanbit ak tèt ansanm pou nou pèdi tout sans,
Se mo vid, san nannan, yo pa gen enpòtans.
Olye de sa, nou pito viv an chen manje chen,
Alòske se sa menm ki fè n pa ka anyen ;
Paske divizyon fè n pèditout santiman,
Se yon vye do k bay labou k rete kouran.
Nou bliye deviz nou se l’Union Fait la Force
Pou nou youn viv ak lot tankou wè bèt fewòs.
Nan plas deviz sa a ki plen sajès, ki si bèl,
Nou mete sa k di : « Chak kokouy klere pou je l. »
Ayisyen, Ayisyèn, se Boukou ou Malis
Kape di nou bonjou ; e si mwen di nou plis,
Se pou m ban n yon konsèy nou kapab aksepte
Oubyen n a refize l, nou va fè sa nou vle.
Janvye 1804… Sa pa di nou anyen ?
Antre nou, nou pa kwè lè a rive anfen
Pou nou chache ba li yon siyikasyon ?
Pou nou chache viv kòm pitit yon sèl nasyon ?
Nou pa kwè, mezanmi, li lè epi li tan
Pou n wete hèn ki fè nap viv an depaman ?
Pou nou mete lamou, pou n met fratènite,
Epitou libète avèk egalite
Va nivi san fòse, san redi, san batay,
Paske pa gen anyen lanmou pa kapab bay?
Nou dwe di m pran kouran, map plede depale ;
Apa mwen kite tan an ap fini kouri ale,
Mwen bliye si m pwomèt pou mwen pa pale plis
Pase 3 pè minit, m dwe vle depase 10!
Dayè, gen ‘on pou k bat mwen pou fè m konnen davans
Nap fè m tounen Bouki, puiske nou di se rans,
Se jwèt tout sa m di la. O wi ! Se vant mwen k plen ;
Lè vant ayisien plen ou pa mal pou konnen…
Si n deside l konsa, mwen pa ka fè n yon tò,
Mwen te deja pwomèt tout sa n vle, map dakò.
Men tou, mwen ta vle kwè si n fè m tounen Bouki,
Se Bouki k te geyen Malis nan yon pati
Kote se tonton an --e non pa Ti Malis--
Ki te jwenn bèl kanè, ki te fè 10 sou 10.
« 40 an wo, 40 anba…» Nou sonje rès la ?
Nan istwa 2 nèg yo, ebyen, se sèl grenn fwa
Bouki gen laviktwa sou ti Malis Malen,
Pat gen yon 2èm fwa, tankou nou tout konnen.
Si n pa dispoze fè yon lòt 1804,
Annou fè tout efò, ann mete nou an 4
Pou wè si trisantnè endepandans nou wè,
Pou wè si 3004 va jwenn nou pi devan.
La m sonje polemik –men polemik kout plim-
Ki te pete lontan anvan kòmansman vi m
Nan fen 19èm syèk ant Louis Joseph Janvier
Ak Cochina … nou wè se lontan sa pase ?
Janvier te byen vekse, ret yon pwen pou l mouri
Poutèt etranje a te jwenn mwayen ekri
2 zou 3 vye atik, 2-3 koze kredi
Nan kapital Lafrans, nan lakou vil Pari,
Pou l te jete vèni sou Peyi d Ayiti.
Anfen Janvier te di – : « Konjenè kontretan,
Sa k fè w prese konsa ? Sa k fè w pa ban 20 tan ?
Sa k fè w pa ban 30 tan ? 50 tan ? Ban n yon syèk
E nou pral fè travay pou nou fèmen tout bèk.
Ayisyen, Ayisyèn, sa gen plis ke 100 tan.
Di mwen non : Konbe pa nou rive fè an avan ?
Ant Mouche Cochina ak Louis Joseph Janvier,
Kilès nou bay rezon ? ... Nou pa reponn, pa vre ?
Lè a rive; m prale; 6 minit la fini.
Se mo sa yo ase mwen te genyen pou m di.
Se nou ki va konnen si n vle fè m tounen Malis
Oubyen Tonton Bouki. Mèsi, mwen pap di plis.
Lè l te fin di tou sa, avèk yon vwa byen klè,
Ganmon nan disparèt nan yon gwo kout zèklè.
Kote l te kanpe a zèklè a kite ‘on mak :
Se imaj granmoun nan ki dwe rete entak
Malgre van ak tnapèt, tankou yon sitadèl
Pou jous lan 3004 rive e menm aprè l.
Ayisyen, Ayisyèn, si nou wè imaj sa a,
N a ouvè je nou byen pou n gade pa anba,
Nou va wè yon plas vid kote nou va ekri :
« Nèg sa a se Ti Malis » oubyen « se Nonk Bouki. » >>
Nan ane 60 yo --e pou plis presizyon,
1964-- te gen yon envazyon
Ki te fèt nan Bèlans : Rebèl met pyetatè
Nan Ans-a-Bèf, antre lès Bèlans, tou prè Prechè.
Lè yo pran mòn pou yo, yo ta pral rankontre
2 kòmandan: swa chèf milis la nan Bèlans
Ak chèf Sou-Distri a ki tonbe ak vanyans.
Rive Katye Mapou, kamoken poze ‘on zak :
Yo touye Madan Bernadotte epitou yo pran rak.
Lè bri a te kouri, nouvèl la te gaye,
Lè tout moun te konnen sa ki te fèk rive,
Konsiyn la nan Bèlans se: « Tout moun ret lavil ;
Si ou ale Mapou, s' à vos risques et périls. »
Pawòl sa a, mezanmi, te met gwo boulvèsman
Nan tèt yon nèg Bèlans -m a di non l pi devan.
Li te gen kèk pitit an vakans nan Mapou ;
Nan plas misye mwen kwè anpil lòt moun tap fou.
Li te pran reflechi: « Mesye! Pawòl la di
Pinga m ale Mapou. Men s ‘on bagay ki di:
Pou mwen gen pitit mwen -se pa youn, se plizyè-
Ki laba a epitou pou mwen pa ka al wè
Kouman yo ye! Non, non! Mwen fout! Prale Mapou
Epi sa l fè l fele! Kot' cheval mwen? Ann nou! »
Nan epòk sa a Bèlans te genyen yon fanm fòl,
Ki te konn rete l ri oubyen l kriye pou kò l;
Li tap monte desann toupatou, san rezon :
Tanto l te nan Fige, tanto li te Lagon;
Tanto l te sou Laplas, nan Pikèt, Rue Bel Air,
Totalman toutouni, tout kò l tap pran de l'air.
Epi, anvan w bat je w, ou te wè l deplase
Rapid, prese-prese, tankou yon mesaje
Ki gen on nouvèl ijan pou li pote byen lwen ;
Men, anvan li rive, li kase tèt tounen.
Non dam sa a se Tiniz. Chak fwa m sonje manmzèl,
Mwen sonje an menm tan yon moun fou nan Jakmèl
Yo te rele, mwen kwè, Gwo Lapendòm Pye Dra...
Istwa l enteresan, men se yon lòt istwa.
Sa Tiniz fè jou sa a raple m pawòl ki di nou:
« Yon mont ki rete bay bon lè 2 fwa pa jou. »
Pandan chevalye a tape pase tou prè l,
Tiniz kouri tankou yon moun ki te gen zèl
Nan 2 pye l ou tankou yon zetwal kap file
Epi pop ! li pran brid chwal la pou l pat ale;
Paske sanble l te kwè, li te si e sèten
Si mouche a t ale, li pa tap janm tounen.
“Ranje kò w, sil vouplè...” Ak yon sèl kout zepon,
Chevalye te fè chwal vole tankou yon flonn.
Tiniz, Marie La Folle, dezabiye kòm Ev,
Toutouni tankou yanm, san pwogram e san rèv;
Tinise, Défilée la Folle du 20ème siècle
Ki te pèdi mil fèy, ki te plis ke ’on tèktèk,
Te pran chante: « Anmwe! Anmwe ! Papa è mò;
Li fè vwal, byenere sa ki va wè l ankò.
Anmwe ! Anmwe ! Anmwe ! Anmwe ! Papa è mò;
Li boule, byenere sa ki va we l ankò. »
Lè nèg rive Prechè, kèk kilomèt a lès,
Li ta pral rankontre avèk yon dam gwo très,
Yon grimèl po joumou, bèl cheve tonb sou do,
2 je pope kafou, yon fizik san defo.
Non nègès sila a se Altagras Alexis,
Sete fanmi misye e yo te bon zanmi.
San poze pyès kesyon, li sezi brid chwal la
Kòmkwa pou li te di: “Gade! Ou pap fè on pa.”
Paske l te byen konnen oubyen li te sispèk
Destinasyon nèg la sete Mapou dirèk.
Altagras pleine de grace, ki tap souri tout tan,
Pat montre dan n fwa sa a, paske l te vle nonm nan
Konnen li te serye e li te dispoze
Fè sa l te kapab pou chwal la pat deplase.
Yo pase ‘on bon moman youn ap obsève lòt,
San pwononse yon mo, san di yon sèl pawòl.
Men, san yo pat pale, yo chak te wè byen klè
Sa lòt la te vle di, sa lòt la te vle fè.
Finalman, m pa konnen sa k te fèt, sa k te di,
Nèg la k te yon ti landeng, yon matado tèt di
Pi mal ke kòlòwòch ki anba wòch lanmè,
Te jwenn mwayen chape pou l te kite Prechè.
Altagras, dezole, tris e dekouraje,
T al achte rad dèy li e l pat sispann kriye.
Mouche a travèse divès zòn san pwoblèm;
Li te vale teren ak yon vitès si fèm,
Se an 2 tan, 3 mouvman l kite Prechè dèyè,
Li te pase Pichon avèk Lòtbò Rivyè,
Pou li te mete kap ak detèminasyon
Sou lye randevou li, sou la destinasyon.
Anvan l kite Pichon --yon bagay m tap bliye,
Fò m di n sa pou istwa a pa genyen fòs kote--
Tankou wè Altagras e menm jan ak Tiniz,
Chèf polis lòt-bò a te eseye tout riz
Pou l fè nonm nan kite pwojè li a caput,
Paske, daprè l, sete on pwojè moun fou san dout.
Non chèf polis sila a sete Edèz Emmanuel,
Ki te zanmi misye, dayè sete bòfrè l.
Edèz pale pou l di: “Mon Konpè, tande non;
Pou lavi w, pou fanmi w, menyè tande rezon!
Gade, se la a menm wi, yon ofisye lame
Avèk yon chèf milis, se la a tou 2 tonbe.
Nèg ki pase la yo, yo ame jouk nan dan;
Yo pap jwe non, konpè; gen de chans ou pa pran!”
Men Edèz pat rive, menm avèk dlonanje,
Fè mouche a konprann li pat Louis Jean Beaugé.
Lè chevalye rive nan on kalfou nan Mapou,
Li desann cheval la, li wete chapo l tou
Pou li fè yon priyè pou Madan Bernadotte
Ki te kite mond sa a pou l ale nan yon lòt.
Aprè li te fin pale avèk Pè Letènèl,
Lè li te di “amèn” aprè l te fè priyè l,
Gade! Se yon avyon l te fè chwal la tounen,
Paske l te vle rive wè pitit li anfen.
Lè l te rive lakay, mezannmi! sete rèl,
Men yon rèl dan griyen, tout moun te kontan wè l,
Sitou yo pat konnen, nan moman Kamoken
Te anvayi zòn Mapou, li tap oze tounen.
Sa w wè, w tande a tou, rara te pran lari;
Bon kafe Mapou a, bweson pèdi lavi;
Sete bèl resepsyon, ochan pou jeneral,
Yon jeneral sivil ki te yon nonm total.
Istwa m rakonte la a se pa yon envansyon,
Se yon istwa reyèl; non, se pa yon fiksyon;
Paske m te la pou m viv arive nonm sila a
Anndan lakou Mapou. Lè l te desann chwal la
Ki te prèt pou tonbe tèlman l te fè l kouri,
Li te prese vlope mwen menm avèk Kiki,
Yon sè m, ki te kouri ba li yon akolad
San nou pat menm konnen ki soukous, ki sakad
Li te aksepte pran pou l te fè yon devwa
Ki te mande anpil kouraj ak gwo lafwa!
Istwa m prezante la a, san soulye po patat,
Se istwa a Mouche Dominique Desmarattes;
Mwen mete l devan nou san wete, san mete,
Tankou yon fè reyèl, tankou laverite.
«Apre adapsyon an kreyòl yon latriye zèv klasik tankou « Tartuffe » ki
bay Mouche Defas, « l’École des Femmes » ki tounen Lekòl Medam
yo, « Le Misanthrope » oubyen Zanmi Pèsonn, « les Femmes
Savantes » an kreyòl Fanm Filozòf, « Robinson Crusoé » ki tounen
Woben Lakwa, Lyonel Desmarattes, ak Tim Tim Bwa Chèch - Kont Pa
m - Istwa Pa m, plante yon lòt flè choublak nan mitan jaden literati lang
kreyòl la.
Liv pwezi sou fòm kont tou nèf sa a se yon omaj imòtèl pou lanmou - se
yon ochan ogadavou pou tout moun Bèlans ak Jakmèl. Li ise byen wo
repitasyon Rèn Anakawona, rèn chantrèl Zaragwa, ansyen non depatman
Sidès zile Ayiti. Liv pwezi kont sa a tou se yon batiman refleksyon sou
lavi ; li pran nou lwen, li mennen nou pre ; li kite Jean de la Fontaine
dèyè, li kondui rèv nou tou dwat nan lantikite pou l al satouyèt men papa
tout fab, Ésope, yon esklav afriken ki kite dèyè kèk bèl zèv pou
limanite. »
Pierre-Roland Bain
Fondatè KEPKAA
(Komite Entènasyonal pouPwomosyonKreyòl ak Alfabetizasyon)
« Koleksyon sa a parèt nan yon moman enpòtan pou lang kreyòl
ayisyen an. Pandan lontan lang nan te pran tan pou l avanse, pou l fè
pwogrè e jwenn yon plas nan sosyete a. Depi kèk tan déjà, konstitisyon
an rekonèt kreyòl la kòm lang ofisyèl menm jan ak lang franse a, pou n
bay egzanp sa a sèlman. Kidonk, pèp ayisyen an kòmanse chache wout
pa l; e lang lap pale sou wout sa a se kreyòl. Timoun yo ap aprann li ak
ekri an kreyòl; granmoun yo li jounal, yo tande emisyon radyo, yo gade
pwogram televizyon an kreyòl. E se samba tankou Lyonel Desmarattes
kap kontinye batay pou lang manman Ayiti Toma a posede tou yon
literati ki gen nannan, ki bèl, e ki bay Ayisyen yo ak Ayisyèn yo tout
rezon pou yo fyè de lang yo tout pale a. »
Kate Howe
Doktè an Lengwistik
Since 1942 the world has come to know
A radio station whose motto is to grow,
To grow, to grow, to grow, until all nations know
That life must be this way and will always be so.
For more than 80 years -that is no news to you-
This radio station has done what is must do
To stick to its charter in good times, in bad times,
And I am not saying that only to find a rhyme.
Its charter provides for comprehensive infos
On the world, the U.S., even on UFOs.
All the truth, but the truth --difficult to achieve
When you're working with men, sons of Adam and Eve.
This radio station, ladies and gentlemen,
Covers every nation, from Brazil to Japan;
It has a unique name, very easy to say:
Voice of America and in short VOA.*
Copyright © 2026 Kreyoldabo.com - All Rights Reserved.
We use cookies to analyze website traffic and optimize your website experience. By accepting our use of cookies, your data will be aggregated with all other user data.