.jpg/:/rs=w:1240,h:620,cg:true,m/cr=w:1240,h:620)
June 30, 2026
NONM KI PI SAJ KI TE VIV SOU TE SA A : SOKRAT, DEKLARE:
<< Si gen yon bagay mwen konnen pi byen pase tout lòt bagay, sè ke MWEN PA KONNEN ANYEN,>>
College Park, Eta Maryland, 30 jen 2026.
___________________________________________________
Deklarasyon Sokrat fè kote misye di: << Sa mwen konnen pi byen pase tout lòt bagay, sè ke mwen pa konnen anyen>> atire atansyon sou iyorans lèzòm ak nesesite pou nou chache sajès veritab la gasak kesyon ke nou ta dwe poze tout tan e sou lefètke konesans ki nan tèt chakenn nan nou se yon bagay totalman relatif. Mwen ka konsidere tèt mwen (menm jan moun ka konsidere mwen) kòm yon Ti Jan ki pi savan pase wa nan yon domèn tandiske mwen totalman iyoran, mwen 100% analfabèt nan yon lòt. Yon moun byen kapab imajine ke, depi Lantikite deja Sokrat (470-399 AJK) te nan yon pozisyon kote, si li te vle, li te ka pase nan betiz yon Pik de La Mirandòl (Il Pico della Mirandola) kit ap jwenn mwayen deklare, nan epòk Larenesans (1400+-1500+): <<De omni re schibili.>> = <<Je sais tout ce que l’homme peut savoir.>> Mwen konnen tout sa lom kapab konnen.” …. Menm jan ke, 3 syèk anviwon apre sa, nan 18èm syèk la, ekriven, filozòf fransè e youn nan teyorisyen Revolisyon Frensèz la, François Marie Arouet, alyas Voltaire, te pase La Mirandòl nan Betiz avèk yon parodi kote misye te mete yon diplis sou deklarasyon an. Voltaire te ekri: <<De omni re schibili”:.. et quibusdam aliis.>> = <<Je sais tout ce que l’homme peut savoir “et même plus que ça.>> = <<Mwen konnen tout sa lòm ka konnen… ‘e menm plis ke sa toujou.’>> Deklarasyon an te parèt pou lapremyè fwa nan yon etid Platon te prezante sou patwon li, manto li e mèt li, Sokrat, nan yon liv li rele Apoloji. Nan liv sa a Platon vini ak yon eksplikasyon kote Sokrat fè konnen poukisa li genyen plis sajès pase lòt kretyen vivan paske tou senpleman li se premye moun ki pote li volontè pou li rekonèt pwòp iyorans li (Platon, Apoloji 22d. Sous Wikipedia + 1).
Dapre sa Platon rakontre sou istwa a, yon Orak ki rele Delfi te deklare ke Sokrat sete nonm ki te genyen plis sajès nan tout vil Atèn. Deklarasyon sa a te boulvèse tèt Sokrat ki te mete kò l deyò pou l te chache byen konnen tout moun ki te gen repitasyon kòm moun saj nan vil la: òm politik, ekriven, powèt, atizan, elatriye. Sa li te fin pa dekouvri, sè ke, pandan moun sa yo t ap di yo te genyen konesans, se pa tout tan yo te byen konprann sa ki te makònen ak domèn konesans yo a. Okontrè, Sokrat se premye moun ki admèt iyorans li; oubyen li rekonèt ke konesans li te limite; konsa li te montre plis sajès pase tout lòt moun. (Philosophybreak.com +1).
SIYIFIKASYON FILOZOFIK
Deklarasyon an pa reprezante yon konfesyon ke yon moun fè pou l di li pa konnen anyen ditou; men pito se yon fason paradoksal pou yon moun rekonèt limit ki genyen nan konesans lèzòm. La a, Sokrat atire atansyon sou lefèt ke sajès veritab la sòti nan bòn dispozisyon e menm nan volonte yon moun pou l rekonèt gen bagay li pa konnen (The Collector+1). Lè ou montre ou genyen ase imilite pou ou di “mwen se yon iyoran”, “mwen pa konnen”, sa ankouraje w pou w toujou ap poze kesyon, sa devlope yon panse kritik lakay ou epi ou louvri lespri w pou l resevwa nouvo lide. Lè ou admèt ke ou se yon iyoran, ou evite aji tankou yon awogan; konsa ou rete pare e prepare pou ou kontinye aprann, pou ou chache genyen plis konesans. (philosocom.com).
RAPÒ AVÈK METÒD SOKRATIK LA
Apwòch Sokrat la, ke moun konnen kòm “Metòd Sokratik la”, gen ladan l sa yo rele ‘kesyon-prèv’ ki ede ou ekspoze senp sipozisyon epi ankouraje ou ale dèyè konpreyansyon ki pi apwofondi. Lè Sokrat rive pwouve ke byen souvan zòt pa konnen vrèman sa ke yo pwoklame pou di kòmkwa yo konnen an, misye ensiste sou nesesite e menm enpòtans obligasyon yon nonm oubyen yon fanm ta dwe genyen pou li evalye/ekzaminen pwòp tèt li e pou li genyen onètete ntèlektyèl. Deklarasyon kote li di li <<pa konnen anyen an>> sèvi kòm fondasyon pou metòd la (“Metòd Sokratik la”) kote li ankouraje dyalòg ak refleksyon olye li fè pwomosyon pou yon ‘asirans’ dogmatik kire poze souiyorans, ki revele yon oto-sifizans diskriminatwa, awogan e anti-akademik (“kont prensip/presèp ki mande pou lòm fè yon bèl plas pou lekòl/inivèsite/akademi nan resous ak fowòm kote yon nonm ak/oubyen yon fanm kapab ale ranmase konesans oubyen ale fè pwovizyon pou plis konesans. (philosophybreak.com+1.)
Deklarasyon Sokrat la reprezante yon baz solid pou sa yo rele epistemoloji”, sa vle di ‘etid konesans’. Li brake imyè sou limit konpreyansyon lèzòm (oubyen/avèk enpòtans imilite konpreyansyon sa a) manifeste nan tout rechèch oubyen demach entèlektiyèl. Konsepsyon Sokrat la ankouraje moun pase tout vi yo ap chache konesans, toujou plis konesans, pandan ke, an menm tan, li demontre ke iyorans reprezante premye pa sou wout ki ka debouche sou lasajès la.(TheCollector+1).
Pou nou rezime konsiderasyon nou ou deklarasyon “mwen pa konnen anyen an”, ann di se yon deklarasyon filozofik pwofon ki pwojte limyè sou “self-awareness” (“konnen tèt ou ou menm”), sou imilite entelektyèl avèk yon rechèch etènèl pou plis konesans kote nou pa sispann chache laveriite. Konfesyon Sekrat la pa reprezante yon deklarasyon kote yon sèl moun ta vle fè tout rès mond la konprann literalman ke li se yon nonm oubyen yon fanm ki 100% iyoran. Li epezante pito yon kri ki sòti nan kè lòm, yon apèl ki sòti nan konsyans li pou li rekonèt ke plis yon moun gen konesans, se plis li rekouvri/rekonèt ke yon nonm oubyen yon fanm, pa janm fin konnen e ke yon vi, kèlkeswa dire li, pa p janm sifi pou lòm (jenerik pou yon pitit Adan ak Èv) konnen tout bagay nan tout domèn konesans ak nan tout chan aktivite lèzòm. Apre tou, èske Albert Einstein pa deklare: <<We, the scientists, we are freil an poor lumberjacks lost in the forest of knowledge.>>
Oubyen:
<<Nou menm, savan, nou se yon gwoup koupèdbwa malad e rabougri ki pèdi nan forè lakonesans.>>
-Rechèch ak redaksyon: Ekip kreyoldabo.com/creole-first.com
-Sipèvizyon editoryal: Lyonel D. Desmarattes, kreyolis e akademisyen
-High tech contributor & website admin: Cherry Fagbemi.
Copyright © 2026 Kreyoldabo.com - All Rights Reserved.
We use cookies to analyze website traffic and optimize your website experience. By accepting our use of cookies, your data will be aggregated with all other user data.